Premye Dènye

Franco Love

Compositor: Não Disponível

Yon talan k kòmanse depi nan lakou benè, Yon ti nèg tèt grenn gwo vant, yo te bay ti non sak pay
Men dwat anba zèsèl goch chante kay madan masèl, moun kap pase ap bay
A laj de 10 ans mennenl pòtoprens, nan kamyon madan sara tankoul tonw komès, lagel nan òfelina kay Pastè Lisyen
M pat espere anyen de lavi koz li pat fèm promès
Mannik leve nan premye jou
Mizik levanjil dim bonjou
Se depi la m fè konesans ak bon mizik
Ak òfelen parèy mwen map fè konkou bon lirik
Map dim se haitian buju, Lòt la dil se Black alex
Si pa gonw vwa Samy b konn Djazz la paka alèz
Pasons!

15 zan aprè lari pranm
De mwen lavim pral depann
M pa gen Fanmi djòl mwen fann
E nèg jèn gen foli fanm
Anpil tan pase, nou te pasyante ap tann mwen lage ooooo
Se premye e dènye, apresye ooo
Sa sonw Lòt chapit nan istwa m pral pale de HMI
Sak di k tap kanpe avew, pi devanw wè e te may
Kou karang yo pran fil yo lagew poukòw
Pou ka ret chè pou yo, fòw pa jwe pou kòb

M wè desten pat fè wout pou mwen m t'oblije trasel
Poum pat bay mizèm nan près m toblije pasel
Imilyasyon yo du pou mwen m toblije bat avèl
Sak fin itilizem pi devan k deklare k pat avèm
Wap fè tout djòb sal nan kizin, sou tab ou paka prezante
Fèw kwè tout bagay sonw mistè, menm Yon sponsor yo pap prezantew
Sou tout pakou a m jwenn traka ou pata di se mwenk wenndy a
Gen ti istwa m ta rakonte hmm pitom kite sam tap di a
Se gras a Bondye m konn ekri, e plim mwenk banm zèl
Kifè defwa lavi cashap mwen e menm banm zelle
Mantre nan gran lakou san di respè ni lonè, malerek pa gonw gd ak karaktè milyonè

©2003- 2025 lyrics.com.br · Aviso Legal · Política de Privacidade · Fale Conosco desenvolvido por Studio Sol Comunicação Digital