Compositor: Não Disponível
Se ouk toujou kap fete, boutèy kap pete, frechè kap mete, sou snap ou rete, Poutan pòch ou pa oukouran
Pòch ou pa okouran
Franco
Pale club ou di wi, lèm di ple ou di zi
Lèm di allons ou di zi
Lèm di buvons ou di wii
Se jaden manmanw se jaden papa
E piyayyyy
Se jaden manmanw se jaden papaw
E piyayyyyy
Vin fèw eksplikasyon pou rad, pa menm sonje ki mayo
Saw jwenn prete a liw mete w pa respekte klima yo
Wap bwè wap envite zanmiw, sa ki renmen piyay yo, avanw bwè wap vide atè w' pa menm konnen pri a Yo
Tout gratè gonw sèl slogan
Ooo wi m se VIP m pa peye program Isi a
Fanm kou gason ap mande, sou tout tab yap apante, se sak fè yap fè masisi a
Tout moun konnen e gratèw ye
W pa anlè e atè w ye
Kotek gen kleren gratis, tout moun konnen e la kèw ye
Ou pa janm gen anyen pou bay
Fè moun konnennw pral Dubai
W pa menm nonw vye program Biden, tèlmanw pa gen Paspò pou bay
Ou diw renmen hennesy
W pa janm chache konnen pri
Pòch ou toujou sou enmti
Nap toujou jerew menm si
Lè pa gen anyen wabsan, lè remy maten ou la, sanblew pa gen kay ni paran m wè depim maten ou la
Ou pran Yon cup ou pran deux
Ou pran trois, pandan m sou youn
Sa pa rele zanmitay men sa plis rele sou moun
Ou pa janm gonw goud nan boudaw ou konn tout to de chanj
Tafyatè a tou lè nivo, ou bwè nan tout gode chanyyyy